Dat enpòtan pou eleksyon:
Eleksyon premye tou an ap fèt le 24 out 2010 . Dènye jou pou moun enskri pou yo vote nan eleksyon premye tou a se le 26 jiyè 2010.
Click here to register to vote now.
Kandida ki jwenn pi plis vòt nan eleksyon premye tou a ap pran tout vòt yo. Pa pral gen eleksyon dezyèm tou.
Eleksyon jeneral la ap fèt le 2 novanm 2010. Dènye jou pou moun enskri pou yo vote nan eleksyon jeneral la se le 4 oktòb 2010.
Click here to register to vote now.
Al vote!
Pou wè nan ki biwo vòt ou dwe al vote, click here for information about your polling location.
Jou eleksyon an, biwo vòt yo ap ouvè a 7 è di maten jis 7 è di swa epi yo gen mwens moun ki vin vote nòmalman nan mitan maten ak mitan apremidi.
Si w pa konn adrès biwo vòt kote ou dwe al vote a, pran kontak ak Sipèvizè Eleksyon zòn kote w rete a. Epi, anpil Sipèvizè Eleksyon gen metòd rechèch katye ak biwo vòt sou sit entènèt yo pou ba w enfòmasyon sou ki kote pou w al vote.
Nan biwo vòt la, yo pral mande w montre yon kat idantite ki ajou ki gen foto w ak siyati w. Men kat idantite ak tout foto y ap asepte:
• Lisans Florid
• Kat idantite Florid yo bay nan depatman ki okipe afè lisans
• Paspò ameriken
• Kat bank oswa kat kredi
• Kat idantite militè
• Kat idantite etidyan
• Kat idantite sant retrèt
• Kat idantite asosyasyon katye
• Kat idantite biwo ki bay èd leta.
Si kat idantite ak tout foto ou genyen an pa gen non w siyen ladan, y ap mande w montre yon lòt kat idantite ankò ki gen non w siyen ladan.
Si w pa gen bon kat idantite, y ap ba w yon bilten vòt pwovizwa. Bilten vòt pwovizwa ou a ap gen valè si non ki siyen sou anvlòp bilten vòt pwovizwa a se menm ak non ki siyen nan fèy enskripsyon vòt ou te siyen an.
Enskripsyon vòt:
Pou w kapab vote nan eleksyon premye tou 24 out 2010 la, ou dwe enskri pou w vote anvan 26 jiyè 2010.
Pou w kapab vote nan eleksyon jeneral 2 novanm 2010 la, ou dwe enskri pou w vote anvan 4 oktòb 2010.
Pou w kab konn ki jan pou w enskri pou w vote, klike la a . Pou w kab konn ki kondisyon ou dwe ranpli pou w kapab vote, klike la a .
Pou w kab vote kòm moun ki pa la
Lwa Florid bay tout elektè ki kalifye dwa pou yo mande Sipèvizè Eleksyon voye bilten vòt moun ki pa la ba yo. Yon fanmi pre elektè a oubyen responsab legal li gen dwa mande yon bilten vòt moun ki pa la pou elektè a, si se elektè a menm ki mande l fè sa pou li. Demann nan kapab bon pou tout eleksyon ki fè pati 2 eleksyon jeneral yo deja planifye.
Pou w voye yon bilten vòt moun ki absan jou eleksyon an ale pa lapòs, ou dwe fè sa a 5 è dlapremidi 6 jou anvan jou eleksyon an pou pi ta. Pou w kab pran kontak ak Sipèvizè Eleksyon zòn kote w rete a pou w mande l voye yon bilten vòt pou moun ki absan ba wou, klike la a si w rete Brawòd Konnti oubyen klike la a si w rete Miyamided Konnti.
Pou w kab vote bonè (anvan jou eleksyon an)
Pou w konn ki kote ou kab vote anvan jou eleksyon an, klike la a .
Elektè gen dwa al vote an pèsòn anvan jou eleksyon an. Elektè a ap sèvi ak menm kalite aparèy yo sèvi nan biwo vòt yo jou eleksyon an. Peryòd pou vote bonè a kòmanse 15 jou anvan jou eleksyon an epi li fini 2 jou anvan jou a. Pandan tan sa a, moun ap kab vote bonè pandan 8 èdtan pa jou chak jou lasemèn epi pandan 8 èdtan antou pou chak wikenn. Se Sipèvizè Eleksyon ki chwazi kote pou elektè yo al vote bonè; yo chwazi kote sa yo 30 jou anvan jou eleksyon. Y ap kite moun vote bonè nan biwo santral Sipèvizè Eleksyon yo. Epitou yo ka chwazi nenpòt meri (biwo majistra) oswa nenpòt bibliyotèk leta ki byen plase yon fason pou tout elektè ki rete nan konnti a kapab gen menm opòtinite pou yo bay vòt yo. Pran kontak ak Sipèvizè Eleksyon zòn kote w rete a pou w kab mande l ki dat, ki lè ak ki kote y ap fè moun vote bonè nan konnti kote ou rete a.
Men ki jan pou w vote bonè
Peryòd pou vote bonè a kòmanse 15 jou anvan jou eleksyon an epi li fini 2 jou anvan jou eleksyon an. Pandan tan sa a, moun ap kab vote bonè pandan 8 èdtan pa jou chak jou lasemèn epi pandan 8 èdtan antou pou chak wikenn. Se Sipèvizè Eleksyon ki chwazi kote pou elektè yo al vote bonè; yo chwazi kote sa yo 30 jou anvan jou eleksyon an. Y ap kite moun vote bonè nan biwo santral Sipèvizè Eleksyon yo. Epitou yo ka chwazi nenpòt meri (biwo majistra) oswa nenpòt bibliyotèk leta kòm kote pou moun al vote bonè. Men ki sa elektè ki vle vote bonè dwe montre lè yo rive kote pou yo vote bonè a:
• yon kat idantite valid ki gen foto yo; ak
• yon kat idantite ki gen non yo siyen ladan.
Si w gen kenenpòt lòt kesyon, oswa si w bezwen woulib pou w al fè enskripsyon vòt, woulib pou w al nan biwo vòt jou eleksyon an, telefone Landon Dais nan 305-751-2104 |