Li se yon òm dafè ki gen esperyans
Rudy (Woudi) se Prezidan sant sante ki rele “Comprehensive Health Center” Nòt Miyami. Pandan 30 ane ki sot pase la yo sant lan gen tan bay plis pase 25.000 pasyan sèvis. Met sou sa, li se youn nan mèt biznis ki rele “Access Health Solutions”, yon ti rezo swen sante k ap travay sèlman pou trete moun ki pa jwenn ase sèvis swen sante. E se pi gran kote an Florid ki bay sèvis Mediked. Non sèlman Rudy se yon òm dafè ki reyisi anpil, li se yon gran aktè sinema, li doktè epi li avoka.
Li gen anpil detèminasyon
Istwa Rudy montre detèminasyon li genyen, sa pral itil li anpil lè li rive nan Kongrè a. Li grandi anba rejim bout di ann Ayiti epi li pat konn pale angle ditou lè li vin rete Ozetazini a 17 an. Apre sa li vin gen diplòm doktè, diplòm avoka ak yon diplòm metriz jesyon. Li rive nan grad Lyetnan Kolonèl nan rezèv kò aviyasyon e jodi a li se yon moun yo respekte anpil nan afè swen medikal epi nan afè biznis nan zòn Sid Florid la.
Li gen rasin ni plante fon nan kominote a
Youn nan gwoup elektè ki enpòtan anpil nan 17yèm Distri Kongrè Florid la se kominote ayisyen an, yon kominote kote Rudy gen rasin ni plante byen fon. Li te prezidan yon chanm komès ayisyen ki rele ann angle “Haitian Affairs for the Greater Miami Chamber of Commerce”. Li te youn nan premye manm ki te fonde yon òganizasyon pou pwogrè Ayisyen “National Organization for the Advancement of Haitians”. Epi li se prezidan fondatè fondasyon ki rele “Operation Kimbe Foundation” ki voye èd bay òganizasyon medikal ann Ayiti. Rudy gen kontak sere sere ak kominote Ameriken Nwa, kominote Panyòl epi ak kominote Ameriken blan tou; se sa k fè tout kalite moun kab vote pou li nan distri sa a ki chaje ak moun ki soti toupatou.
Ranmase lajan
Relasyon Rudy genyen nan kominote biznis lan epi ak konkou ekip zanmi ak èd li genyen fè òganizasyon li mete sou pye a kòmanse ranmase lajan pou kanpay li a byen. Depi nan mitan mwa oktòb la, Rudy gen tan ranmase plis pase $250.000 epi misye sou wout pou li vin kandida ki ranmase pi plis lajan nan eleksyon sa a ki chaje ak kandida. Ekip mesye dam kanpay li an bay afè finans lan anpil enpòtans. Manadjè ki alatèt yo a se yon moun ki gen esperyans nan aktivite ranmase lajan epi li pote anpil atansyon pou asire chak grenn dola yo ranmase ap byen depanse. Ekip finans lan djanm, li gen esperyans e l ap travay nèt pou li jwenn tout montan bidjè kanpay la $1.500.000. |